Zile Lagonàv : Minerve Joseph, yon jèn dàm anviwon 26 lane mouri ak yon kout kouto

288

03/15/2021

Zile Lagonàv______(TRiboLAND) Yon jèn dàm ki pote non Minerve Joseph mouri asasine anba kout kouto dimanch 14 màs 2021 an nan aswè nan zòn Zetwa nan sant vil Ansagalè, sou zile Lagonàv.

Enfo yo fè eta de jalouzi ki ta okazyone lanmò Minerve kia je 26 lane sèlman. Minerve Joseph, natif natal Zetwa gen 3 timoun ak Olguens ki plase ak yon lòt fanm ki rele Wecheline Alexis, pitit Soimène Pierre-Louis, abitan nan zòn Zetwa. Minerve Joseph rele Olguens nan telefòn pou l jwenn 50 goud pou l achte dlo pou ti lezanj la. Se nan moman sa, Minerve kwaze ak matlòt li Micheline Alexis, ki pa pran tan pou te ponyade’l nan do.

Sou moto nan moman li t’ap bay anpil san; Minerve pat pran tan pou te ran dènye souf li nan moman yo te prèske rive avè’l nan lopital Wesleyen nan Ansagalè a, selon yon sous medikal.

Minerve ki te 2 je nan tèt fanmiy lan, se te yon fanm ki te renmen fè komès e debouya. Li te genyen anpil fanmiy sou kont li e kite dèyè 3 ti lèzanj nan men yon Grann ki enkonsolab, selon kèk sous familyàl. Alòske Wecheline ki se prezime asasen an, pran lyann pou li e Minerve gentan ap glase nan mòg byen bonè jodi lendi 15 màs 2021 an.

Se pa pwemye krim kout kouto ki fèt sou zile a nan kòmansman ane a. Janvye mwa dènye, se te kou pa moun Ti Palmis ki t’ap viv asasinaj ak kout kouto trajik yon jèn dàm te subi anba men mennaj li! Ke nanm li repose an pè!

Comments are closed.