Gwo divòs ant kowòdonatè KASÈK Kawodati a, Mesye Viltéra Louis ak Prezidan defakto a, Jovenel Moïse

457

05/13/2021

Kawodati, Nòdwès_____(TRiboLAND) Youn nan rezon ki te lakoz popilasyon 2e Seksyon kominal Basen Ble a, blòk Kawodati, depatman Nòdwès, te vote Jovenel Moïse san gade dèyè se te paske moun Kawodati te kwè pa rapòte ak madanm Jovenel Moïse ki se moun Nòdwès, sa ta pràl fè yo rale yon souf ak volim pwoblèm k ap sakaje eksyon saa depi yon bout tan. Sa se pwòp deklarasyon Kowòdonatè KASÈK zòn sila a, Mesye Viltéra Louis ki di yo pa t janm panse sa pou Jovenel Moïse ki te fè yo yon dividal pwomès elektoral e ki toujou rete aloral.

KASEK seksyon an ki t ap enimere volim pwoblèm key o ap fè fas tankou: absans wout, menas Flèv 3 Rivyè sou tèt peyizan yo, pa menm gen yon pasrèl ki kreye pou fasilite machin ak motosiklèt sikile. Mete sou saa, gen yon Lise 3èm Sik nan kanton an, men pa gen pyès nominasyon pwofèsè ki fèt anndan l.

Viltéra Louis deklare li fè anpil fè jefò pou l konstui yon biwo kazèk alòske l bezwen klotire l nad marinad. Sa k pi rèd la, KASÈK la di l depoze pwojè nan Ministè Enteryè pou rezoud pwoblèm dlo nan kanton an, responsab yo nan Ministè Enteryè pa okipe’l tankou chyen. Devan tout pwoblèm san solisyon sa yo ke moun Kawodati ap fè fas, KASÈK Viltéra Louis sèmante 70 fwa 7 fwa pou l di popilasyon Kawodati a “bay Jovenel Moïse yon bra long kenbe”. Pitiy Kawodati a fè deklarasyon say o nan moman li tap depoze nan mikwo TRiboLAND jounen Jedi 13 me 2021 la.

Nan sa ki gen pou wè ak kesyon referandòm konstitisyonèl Jovenel Moïse la, Viltera Louis pa t mete dlo nan bouch li pou l di “referandòm se zafè peyi pandan di l regrèt sa pou Jovenel Moïse ki konprann pou kont li li kapab òganize yon referandòm chanpwèl ki pral kouche yon Konstitisyon pou tout yon peyi.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.