Nòdès: Fondasyon TRiboLAND klotire 2 jounen fòmasyon sou “dekorasyon” gratis ti cheri nan komin Valyè.

979

03 – 27 – 2024

Valyè, Ayiti__(TRiboLAND) Fondasyon TRiboLAND kontinye ap miltipliye zèv yo nan depatman Nòdès peyi Dayiti. Sòti ayè madi 26 mas pou rive jounen mèkredi 27 mas 2024 la, Fondasyon TRiboLAND rive klotire 2 jounen fòmasyon sou dekorasyon gratis ti cheri nan lekòl Nasyonal Valyè a.

Depi bajou kase, aprenan yo te deja sou brennzeng yo, ap defile pa pil e pa makòn sòti nan divès rakwen nan komin nan pou vin aprann metye manyèl sa a kise dekorasyon evènmansyèl.

Klotire ak plis pase 50 aprenan, yon ekip teknisyen kad pat ezite pandan menm yon segong fè bak sou travay yo kise fòme jèn fanm ak jèn gason sou bakòp Papa Loulou.

Fondasyon TRiboLAND reyafime angajman li atravè tout 10 depatman jewografik peyi Dayiti, nan tèt kole ak ekip oganizatè li yo, patikilyèman Enjenyè Louendy Jean, Kòdonatè komin Karis la ak jounalis konsome e teknisyen an devlopman kominotè, Jose Meniau bay delenkans jevenil defi, pou li fè dap piyanp sou ti lèzanj komin Valyè yo. Volontè sa yo detèmine pou yo kanpe goumen kont chomaj ak ensekirite sosyal.

Comments are closed.