Fondasyon TRiboLAND : “Seminè Serigrafik gratis nan Lavo-Lapwent, Pòdpè

211
0
Share:
TRiboLAND

Lavo-Lapwent, Ayiti_____(TRiboLAND)Yon lòt fwa ankò ekip Fondasyon TRiboLAND Lavo-Lapwent ap chofe jarèt pou yon lòt fòmasyon gratis nan kad pwoteje jèn sitwayen ayisyen yo anba anpriz delenkans jivenil, pwostisyon, enfliyans gang ak politisyen ki pa sispan woule yo nan farinn.

Se konsa, randevou kase pou 2 jounen fòmasyon gratis ki pral chita sou “Serigrafi”, yon teknik pou kreye enpresyon ou metòd ki fasilite pwodiksyon designs pèsonalize sou twàl, afich, mayo ak anpil lòt bagay. Enfòmasyon yo fè konnen, ekip kòdinasyon TRiboLAND lokal la, pral genyen pou resevwa enstriksyon ak teknik pwatik ou modèn yo sou plizyè fasèt, avèk youn pami fòmatè madre nan domèn serigrafik nan Nòdwès peyi a, fòmatè Samuel Pierre.

Antouka, youn pale lòt, jèn tankou granmoun, vini pòte prezante nan legliz “Dieu Christ Vivant” nan Lavo, nan dat 2, 3 jiyè 2025 lan, nan objektif pou dote tèt ou yon konpetans abilite ki kapab fasilite ou fè fas ak latriye lakilbit ekonomik sitwayen ayisyen ap sibi anba men Mouche Lavi!

Nap raple, nan sousi pou enfòme, fòme e pwoteje jèn kap pran sakad tout kalite anndan peyi Dayiti, Fondasyon TRiboLAND pa jamè neglije ofwi opòtinite FÒMASYON GRATIS nan divès domèn. Pa janm genyen frè enskripsyon, ni frè patisipasyon, dokiman, sètifika ou leve fon ou solisite donasyon. Tout aktivite ki genyen pou wè avèk TRiboLAND ak sitwayen ayisyen, toujou fèt san senkòb chada.

Share:

Leave a reply