Ensekirite jeneralize makònen ak blakawout : IDETTE fè apèl a lavijilans fòs lòd yo nan Jeremi.

03-10-2023
Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND ) Fas ak remonte zak ensekirite yo nan Jeremi ak zonn ki anviwonen l yo, kòdonatè IDETTE al, Mesye Gérald Guillaume fè apèl ak otorite yo nan lapolis kou nan gouvenman an pou retabli lòd piblik e pwoteje vi ak byen sitoyen yo.
Dapwè temwayaj mesye Gérald Guillaume fè nan mikro TRiboLAND, bandi ki ak zam nas nan men yo pwofite pwoblèm blackout lan ki genyen nan Jeremi pou fè krim sangwen. Depi anviwon 8 jiska 9 mwa briganday ou zak kriminèl yo pa sispann vale teren nan depatman Grandans peyi a. Krim tankou: kadejak sou ti inosan ak granmoun, abi ou vyolans sou ti elèv lekòl, se men nan machwè!
Anpil nan kriminèl kap komèt aksyon malonèt sa yo sou sitoyènn ak sitwayen pezib nan sosyete jeremyènn lan, soti nan Potopwens ak zam plis minisyon pou vinn rafose atoufè ki genyen pwatik ak abitid fè vye zak nan sosyete a.
Konsa, kòdonatè IDETTE la ki kontinye ap mande konkou pote sekou, mande gouvenman ak lapolis la pou yo asime responsablite yo, men tou li ankouraje yo tout moun ki pa bandi yo veye zòn lakay yo.






