Wo Moustik: Fondasyon TRiboLAND mete fen nan 2 jounen fòmasyon gratis sou pwodwi chimik

05 – 17 – 2024
Wo, Moustik, Ayiti______(TRiboLAND) Yo te plis pase yon swasanndis jèn patisipan ki te soti nan diferan rejyon nan Wo Moustik, pou te vinn benefisye fòmasyon gratis Fondasyon TRiboLAND ki deja ap layite kò’l atravè tout peyi Dayiti.
Valè ajoute sila ke medya anlyn la bay akote enfòmasyon, fasilite jèn atravè peyi Dayiti benefisye fòmasyon gratis e ekspoze yo fas ak opòtinite ki chita sou konpetans abilite. Aktivite yo ki te chita sou fabwikasyon pwodwi chimik, e yo te dire 2 jou ki te sènen tewori e pwatik gras ak yon fòmatris chevrone (Thalie) ke Kòdonatè TRiboLAND nan Basen Ble a, Elines Vincent te asiste.

Aprenan yo ki te aprann yon bon latriye resèt, kòmanse nan diven pou rive nan pafen, pat manke ekspwime satisfaksyon fas ak efò TRiboLAND ki te rann kont sou egzistans yo kòm zòn oubliye! E yo plis ekspwiman kontantman yo pou yon latriye jèn ki tap fonksyone palafwa e san sekou.
Antouka, se yon lòt rejyon rekile Fondasyon TRiboLAND arive touche; yon diplis nan sa ki genyen pou wè avèk mete baliz pou kontrekare pwostitisyon ak delankans juvenil nan diferan rejyon vilnerab atravè peyi Dayiti.






