Pòdpe edikasyon: Fondasyon TRiboLAND lanse fòmasyon gratis sou Kwizin ak Patisri

386
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Fondasyon TRiboLAND ap kontinye pran angajman pou akonpaye jèn yo ansanm ak tout moun ki gen volonte mete konesans nan tèt yo. Nan kad efò sa a, fondasyon an bay randevou vandredi 3 ak samdi 4 oktòb 2025, nan vil Pòdpe, lokal Collège Évangélique Peniel, pou yon fòmasyon espesyal gratis kap reyalize sou Kwizin ak Patisri.

Se Madam Honoré Erline, yon pwofesyonèl enpekab ki pral anime yon parèy atelye, depi 9è nan maten pou rive 4è nan aprè midi. Fòmasyon an ap fèt gratis nèt al kole, sa vle di patisipan yo pap gen okenn frè pou peye sou oken fòm.

Inisyativ sa antre nan vizyon Fondasyon TRiboLAND pou kontinye fòme jèn fanm tankou jèn gason atravè tout peyi a, kòm yon mwayen pou konbat delenkans epi ankouraje yo itilize konesans manyèl kap fasilite yo transfòme lavi yo, jwenn revni e bati yon lavni miyò. Pou enskripsyon rele kòdonatè TRiboLAND, Pastè Leonel Mocombe nan 43222434 nan vil Pòdpe.

Share:

Leave a reply