Reyaksyon bawo avoka Pòdepè yo sou lanmò Me Monferrier Dorval

286

08\31\2020

Pòdpè_____(TRiboLAND) Reyaksyon pa sispann tonbe, depi jounen jodi an, sou zak asasinay lanmò, batonye lòd avoka Pòtoprens lan, Me Monferrier Dorval ke sangwen ak zàm te krible ak bal semèn pase a.

Pou ansyen sibtiti komisè gouvènman Pòdpè a ki li menm se konseye lòd avoka yo nan bawo Pòdepè a, Me Kerly Dubréus ki di’l bese’l byen ba devan kadav potorik jenn gason sa a. Me Dubréus mande pou pèp ayisyen an leve kanpe pou fòse otorite yo nan peyi isit kanpe machin lanmò sa a k’ap mache simaye dèy nan mitan Fanmi Ayisyèn nan.

Jounen lendi 3l out 2020 sa a, avoka yo nan bawo Pòdepè a, di yo kanpe travay an siy pwotestayon kont zak asasinay lanmò Me Monferrier Dorval, yo mande otorite yo nan peyi isit mete aksyon piblik an mouvman pou rive mete men nan kòlèt vrè asasen yo ki enplike deprè ou delwen nan zak asasinay lanmò Me Monferrier Dorval.

Saint Jean Wiskis



Comments are closed.