Azard Michel, yon gro manm gang Jerizalèm 8 pran nan ratyè Lapolis

1,217

07-31-2022

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Azard Michel, yon manm gang Plas Oksijè nan Jerizalèm 8, pran nan ratyè lapolis. Ajan PNH yo prosede ak arestasyon prezume annafè a avèk 4,645 goud.

Yo fouke Azard nan zòn Bonrepo, sou wout nasyonal # 1 an, toupre Mache Chabon yè samdi 30 jiyè 2022 a. Prezume bandi a genyen gro akizasyon ki plane sou tèt li tankou, asosyasyon malfektè, dap piyanp sou machann ak chofè, reklamasyon ranson e latriye. Anpil sitwayen lonje dwat jouda sou Azard!

Azard Michel, pran nan ratyè lapolis. Li trouve li aktyèlman nan gadavu pou swit legal.

Se konsa, lapolis nasyonal ap kontinye chèche tankou chyen fou Raynaud alyas “Ti Gita”, ki se chèf Azard; yo mete antènn egalmant sou bandi tankou Jonny, Kerwi ke yo rele “Papa Krèy”.

Comments are closed.