Bawo Pòdpè a ekri CSPJ atravè yon rezolisyon pou di yo ke yo pa rekonèt nnominasyon Jij Maude Jean Baptiste kòm Dwayèn Tribinal la

195
0
Share:
TRiboLAND


05 – 15 – 2024

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan yon rezolisyon pou moutre dezakò ki genyen ak nominasyon Jij Maude Jean Baptiste kòm Dwayèn Tribinal Premyè Enstans Pòdpè a, Bawo Pòdpè a mande Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a pou enfòme yo ke oken kolaborasyon pap posib ak Dwayèn lan paske nominasyon an ilegal, konsa, yo pa konnen li.

Bawo a ki pran ak manda Jij Ernest M.K. Desravines ki te kenbe depi aprè lanmò Mèt Louis Marie Yves Périclès nan mwa desanm 2022, CSPJ pat janm akse pou renouvle manda Jij la ki te Dwayen pou yon ti bout tan. Pretèks CSPJ pran pou di yo pap kite jiridiksyon banbile nan ilegalite; konsa, ranplase Jij Desravines e plase Jij Maude kòm Dwayèn se pyafe pi rèd nan ilegalite paske nòm yo pa respekte.

Jij Maude te deja transfere nan jiridiksyon Ench lan, Bawo a ki te pran nòt sou transfè a, ak absans Jij la pandan plizyè mwa nan jiridiksyon Pòdpè a, pa rekonèt Jij Maude kòm Dwayèn jiridiksyon an. Anplis tout pwoblèm sa yo, daprè la lwa (atik 68 dekrè 22 out 1995 lan) se Jij ki pi ansyen an ki dwe okipe fonksyon sa. Nan òd ansyènte a, Jij Maude vini an dènye dèyè Jij Johny Cerisier ak Jij Andald Jean-Baptiste ki te prete sèman nan lane 2021, alòske Jij Maude se te an 2022.

Bawo Pòdpè a mande CSPJ, pou : respekte atik 68 dekrè paske yo pap kolabore ak Dwayèn lan pou mank etik, lwayote ak pwobite pwofesyonèl ; CSPJ dwe renouvle manda Jij ki pa konwonpi e kap bay bon jan randman nan travay yo; pou fè mesaj yo a pase, yap itilize tout chemen jiskaske CSPJ tounen sou desizyon malatchong sa. ‎

Share:

Leave a reply