Jounalis Donatus Henry Claude alyas “Ti Carry Vokal” jwenn arestasyon li nan Okap, pou difamasyon ak asosyasyon malfektè

532

07-10-2023

Okap, Ayiti ____(TRiboLAND) Sibtiti Komisè gouvènman Okap la, Jean Bernard Élie mete Jounalis Donatus Henry Claude alyas “Ti Carry Vokal” anba kòd, jounen lendi 10 jiyè 2023 a pou difamasyon ak asosyasyon malfektè.

“Ti Carry Vokal” ensikoni, se non yon jounalis nan vil Okap Ayisyen, ke sibtiti komisè gouvènman ta akize kòm kwa li fè difamasyon ak asosiyasyon malfektè. Jounalis la arete nan moman li tap patisipe nan enstalasyon nouvo komisè gouvènman pakè Okap la, Durand Charles.



Comments are closed.