Gwo lapli ki tonbe sou komin Tigwav nan lannwit 12 pou louvri lendi 13 me, lakòz gwo dega.
05 – 14 – 2024
Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Plizyè kay inonde, wout kraze, 2 pon gravman andomaje, divès tèt betay dlo pote ale nan lanmè, se bilan gwo lapli ki tonbe sou komin Tigwav nan lannwit dimanch 12 pou louvri lendi 13 me 2024 la.
Pami zòn ki inonde yo, yon lokalite ki rele Tiginen tou pre sant vil la, Nan Bannan, Chabann, Granri, Bayilòd elatriye…
Repòtè TRiboLAND ki te rann yon vizit bò kote sinistre yo ki te move tankou kong; viktim yo deplore konpòtman sinik otorite yo nan meri Tigwav la, yo di ki pa pase vizite yo aprè inondasyon an, omwen yo ta bayo yon mo rekonfòtman.
Nan sans sa a, sinistre yo egzije pou genyen grabyon ki mete nan tout liy Rivyè Kayiman, yo mande Komisyon kominal Tigwav la fè yon demach bò kote nouvo konsèy prezidansyèl la (CPT) pou egzekite yon pwojè grabyonaj, yon fason pou amelyore soufrans abitan nan Tiginen, Nan Bannan, Chabann Granri, Bayilòd elatriye…anba dlo rivyè yo.