Tigwav politik : Mèt Patrice Dumond tanmen yon virewon chita pala ak popilasyon an nan lide pou anonse kadidati li pou pòs prezidan nan pwochèn eleksyon yo.

109
0
Share:
TRiboLAND

08 – 19 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Mèt Patrice Dumond, se pami yon latriye kandida tout kalite kap chofe jarèt pou kouri pou pòs prezidan repiblik nan pwochèn eleksyon yo ki prevwa reyalize nan 13 desanm kap vini la a. Mèt Patrice Dumond tanmen yon virewon chita pale ak popilasyon tigwavyèn nan jounen madi 18 dawout 2026 lan, nan kad pou klewonnen kadidati li pou pòs prezidan peyi Dayiti.

Mèt la, ki fè konnen li genyen gwo dout sou reyalizasyon pwochèn eleksyon yo, tap refere li sou yon latriye pwoblèm ensekirite kap ravaje sosyete ayisyèn lan. Li deklare ansanm moun ki nan pouvwa anplas lan, se yon ban’n koken ou mèt dam; li fè kwè yo kapab fè eleksyon kredib ou onèt; sepandan, li oblije anbake pou li pa dòmi deyò.

Nap siyale, kandida pou pòs prezidan an, Mèt Patrice Dumond tanmen virewon chita pale sa ansanm ak RPH nan divès komin andan peyi a, pami yo : Jakmèl, Okay, Aken, Ansavo, Miragwann ak Tigwav.

Share:

Leave a reply