Ayiti disparisyon : Dezyèm jounen grèv kont ratman gaz, gang, kidnapping ak yon pakèt lòt kriz kawotik

1,875

10/26/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Ayiti antre nan yon lòt jounen grèv jodi madi 26 oktòb 2021 an ki fèt nan yon kontèks lavalas kriz kawotik tout kalite tankou ratman gaz, kidnapping, lavi chè ak yon lòt dràm politiko sosyo ekonomik ki efondre Leta Ayisyen.

Kantite òganizasyon sendika e latriye ki te mete yon parèy inisyativ sou pye, ekspwime satisfaksyon sou patisipasyon popilasyon ayisyèn nan ki bay jarèt ak mouvman operasyon batize “Fèmen Peyi” kap dure 3 jou.  Anpil enstitisyon jodi madi a, fèmen pòt yo: sèvis transpò konplètman paralize, endistri, lekòl ak komès pa egziste pandan 2 jou.

Plizyè zòn atravè peyi a te drese barikàd flanm dife an kawoutchou; gwo rakle kout zàm tap chante nan zòn Site Solèy, alòske plizyè lopital ak sèvis anbilansye deja ap fèmen pòt yo san konte radyo difuzyon ak konpayi kominikasyon telefonik ki menase izole e mete peyi a nan plis agoni ak wout disparisyon.

Comments are closed.