Sant Anbilansye Nasyonal dezòmè gen yon Direksyon depatmantal nan Nòdwès

145
0
Share:
TRiboLAND

05 – 14 – 2024

Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) Direktè Jeneral Sant Anbilansye Nasyonal la, Dr Didier Hérold Louis enstale jodi madi 15 me 2024 la, Dr Kelly Pierre kòm Direktè depatmantal CAN nan Nòdwès. Sant Anbilansye Nasyonal ki tap fonksyone an katimini pral fonksyone an gran panpan.

Malgre tout difikilte, Sant Anbilansye Nòdwès la pral kontinye fonksyone ak 5 anbilans an atandan Leta santral pran dispozitif pou ogmante lòt materyèl. Gen yon group sekouris ki disponib pou akonpaye malad yo nan moman gen yon entèvansyon.

Enstalasyon an fèt nan prezans Direktè sanitè Nòdwès la, Dr Tony Monestime, Direktè Medikal Lopital Imakile Konsepsyon an, Dr St Phard Guilnes, Direktris Lopital OFATMA, Dr Carline Leandre Thelusnor ak divès lòt pèsonalite nan sosyete sivil la.

Nouvo Direktè Nòdwès la mande sipò tout lòt enstans yo pou bon fonksyonnman Sant Anbilansye Nòdwès la, yon fason pou bay tout moun sèvis. Biwo sant lan trouve li nan vil Pòdpè, zòn Lakoup nan menm lokal ak Direksyon sanitè Nòdwès la. Pou tout kontak yon moun ki nan bezwen sèvis CAN kapab rele nan nimewo 116. ‎

Share:

Leave a reply