Ti Gwav: Taina Jean, yon jalouzi depase okazyone li pann tèt li

956

10-04-2023

Ti Gwav, Ayiti_______(TRiboLAND) Dram nan 11èm seksyon Fòlibète, Ti Gwav. Yon jèn fi ki pote non Taina Jean arive pann tèt li e mete popilasyon 11èm anba gwo chòk, patikilyèman nan zòn Ravin Sèch, yè lendi 2 oktòb 2023 a.

Enfòmasyon ki arive jwenn TRiboLAND ta fè eta de yon zak swisidè ki genyen pou wè avèk jalouzi pou boubout. Mennaj Taina ki rele James, nèg miragwàn ta twonpe li ak yon katafal manti; konsa, viktim nan pat genyen kouraj pou fè fas ak yon parèy sityasyon, te oblije mete yon kòd pit nan kou li e mete fen nan vi li.

Taina Jean, selon enfòmasyon lokal yo, ta inik pitit manman li. Ke nanm li repoze nan lapè etènèl.

Comments are closed.