Tigwav Gradyasyon : Seremoni gradyasyon 3èm pwomosyon sòtant nan UNISMA.

890

08-27-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Université Internationale des Sciences Modernes et Appliquées (UNISMA) nan Tigwav, pwosede ak seremoni gradyasyon pou anviwon yon 60èn etidyant e etidyan nan divès disiplin, jounen dimanch 27 dawou 2023 a, nan Louco Night Club Tigwav.

Sòlòkòtò akademik sila, dewoule an prezans Konsèy Direksyon Inivèsite a. Plizyè gwo pèsonalite etatik, politik, enspektè lekòl, direktè lekòl, pwofesè, paran ak zanmi te enpoze patisipasyon yo.

Syans jiridik, syans agwonomi, syans kontab, syans edikasyon, jeni sivil, achitekti, syans administrativ, kominikasyon sosyal e jounalis, se kèk disiplin resipyandè inivèsitè yo dekwoche nan e UNISMA pou yon sik detid 5 lane.

Etidyant, etidyan yo nan diskou yo nan sikonstans lan, deklare se yon sik detid, yo boukle nan yon konjonkti kote ke sitiyasyon sosyo ekonomik, politik yo difisil; yo lanse apèl bay patwon yo ki plase pou bayo travay, tanpri souple pa mande yo fanm ak masisi, paske selon yo, yo pase tout kalite deja anpil mizè avan yo rive aprann pwofesyon sila a.

Nap siyale, UNISMA genyen yon Pwogram diplòm nan: Enfòmatik biwotik, sekretarya Trileng, Asistans Administrativ, Teknik agrikòl, Teknik jeni sivil, Enfografi, Serigrafi, Montaj videyo, Elektrisite batiman, Karelaj, Plonbwi ak Anglè.

Nan nivo fòmasyon inivèsitè solid e konpetitiv, UNISMA, se youn nan enstitisyon kap byen pase nan Tigwav.

Comments are closed.