Ansyen majòjon chanm depite a nan peyi Dayiti, jwenn liberasyon li jounen mèkredi 27 mas 2024 la.

924

03 – 27 – 2024

Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Ansyen majòjon chanm depite a Cholzer Chancy, jwenn liberasyon li jounen mèkredi 27 mas 2024 la, apre l te fin pase anviwon 2 mwa nan penitansye Nasyonal.

Desizyon sa a pran nan Pòtoprens apre jij Merlan Belabre te fin deside tande kòdonatè ASE a, Cholzer Chancy nan yon seyans ki ta pral dire anviwon 2h tan.

N ap raplew, se te jij denstriksyon Al Duniel Dimanche, kite boure ansyen majòjon chanm depite 50è lejislati a pou tèt li ta detounen byen ak materyèl Leta ki pa pou li.

Nap sinyale egalman, depite annafè a, te riske pèdi po li, nan moman envazyon pi gwo Sant kaseral peyi a, Penitansye Nasyonal, anba firè ak latèrè gang sangwen yo nan Pòtopwens.

Comments are closed.