Lameri ak lapolis nan komin Senlwidinò demantle yon rezo gang nan lokalite Vètis 2

836

09-04-2023

Senlwidinò, Ayiti—-(TRiboLAND) Lameri nan tèt kole ak lapolis demantle yon rezo bandi nan lokalite Vètis 2, nan komin Senlwidinò ki gen kòm chèf Demoklak ki toujou ap fè lapli ak bon tan nan komin nan.

Pou moun nan zòn nan, yo mande pou tout moun kap achte zangi yo itilize tant, pa vin fè kay la pou pèmèt bandi vin pran refij nan ti kay zangi sila yo. Otorite yo mete dife nan plis pase yon 15 ti kay zangi ki fèt ak tòl.

Pou kèk lòt moun se lajwa ak lagete avèk lè otorite yo rele chalbarik dèyè bandi sangwen yo ki te toujou mete sekirite zònn nan, nan bwiganday.

Comments are closed.