Popilasyon an nan zòn Savann Mak touye yon bouretye sou falasye pretèks ke li ta yon evade prizon.

809


05 – 08 – 2024

Chansòl, Ayiti__(TRiboLAND) Ensidan regretab e tris an menm tan. Apre plizyè prizonye te fin lage pye yo nan prizon sivil Pòdpè a, popilasyon an nan komin Chansòl, patikilyèman nan zòn Savann Mak touye Alali, yon pòv bouretye sou falasye pretèks ke li se yon evade nan prizon sivil Pòdpè a.

Enfòmasyon sal redaksyon nouvèl TRiboLAND rekipere bò kote fanmiy Alali, ta fè kwè nan moman an, se pwovizyon li tap pote pou madanm li sòti Pòdpè, pase Lakwa sen Jozèf pou rive savann Mak, malerezman ki pèdi lavi li apre li te fin resevwa divès kout wòch.

Mekontan kont mal adras popilasyon an ki pat menm fè apèl ak otorite konsène yo, nan moman n ap pale la, fanmiy pòv bouretye sa a deja pran refij yo devan pedestal Grann Sentàn yon mannyè pou al chèche jistis pou Alali.

Comments are closed.