Nodwès/komin Chansòl : Kazek Abner POITEVIEN denonse yon gwoup awousa k’ap vòlò materyo konstriksyon lekòl Nasyonal Fon Ramye a

503

06/02/2021


Chansòl_____(TRiboLAND) Nan yon ti vizit tou kout nan zòn Fon Ramye, 3e seksyon kominal Chansòl, TRiboLAND te rankontre ak Kazek kap dirije seksyon kominal sila, Abner POITEVIEN ki daprè li menm genyen anviron 27, 000 kretyen vivan kap viv nan divès lokalite ki anglobe seksyon sila. Konsa, sa pa anpeche seksyon an ap patoje nan pwoblèm tout kalite.

Chèf seksyon an pat pran tan pou drese yon tablo sonb ki lakoz endividi dwèt long yo ki pa sispann leve nan mitan gwo lannuit pou eskalade materyo konstriksyon lekol Nasyonal ak konfò modèn ki pwal desèvi pitit sòyèt yo nan pran bon jan pen lenstriksyon.

Mesye Abner ki fè konnen li antre nan yon demach chèche materyo; kote li deja distribye divès manda nan dègonn yon pakèt sispèk; se sa ki pwal fè li deja jwenn plizyè douzèn bwa san konte siman ak fè ki sere anba raje.

Daprè numero 1 twazyèm seksyon an, li rete kwè lap komanse mare tankou krab tout moun ki ta tranpe dwèt yon nan vòlò materyo. Sepandan li voye yon mesaj klè bay tout moun kap viv nan zòn nan pou tabli kontak ak li kote yo jwenn yon materyo, rele li epi lap vin pran yo mete sou sa moun sa a ap gen yon gwo rekonpans.

Mesye Abner POITEVIEN kontinye pou mande konkou avèk tout fos viv depatman Nòdwès la pou ede l bat chalbari dèyè endividi san fwa ni lwa ki lakoz travay konstriksyon lekòl Nasyonal Fon Ramye a ap mache tankou tòti.

Nap soulinye twazyèm seksyon se yon zòn ki ap konfwonte pwoblèm enfrastrikti tout kalite sitou nan sa ki gen pou wè ak wout san nou pa bliye pwoblèm edikasyon ak fenomèn banditis ou vòlò kap peche gwo midi yon fason pou anpeche konstriksyon lekòl la.

Jehrbson Petit

Comments are closed.