Nòdwès : Lapolis frape fò nan trafik zam nan zòn Tikwa

280
0
Share:
TRiboLAND

01/27/2026

Pòdpe, Ayiti ____(TRiboLAND) Jodi madi 27 janvye 2026 la, pòt pawòl Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) nan depatman Nòdwès la prezante devan laprès yon gwo kout filè lapolis te reyalize dimanch 25 janvye 2026 nan zòn Tikwa, ki twouve l ant Chansòl ak Basenble. Operasyon sa a make yon lòt etap enpòtan nan batay kont ensekirite ak trafik zam nan rejyon an.

Pandan entèvansyon an, fòs lòd yo rive sezi plizyè zam ak minisyon. Pami sa yo gen yon zam kalib 12, yon zam M4 aleta nèf, ansanm ak yon chajè doub. Lapolis sezi tou yon kantite minisyon enpòtan, sètadi 104 katouch kalib 12, 39 katouch kalib 5.56, 2 katouch kalib 32 ak 4 katouch kalib 2.65. Sezi sa yo montre gravite rezo trafik zam k ap devlope nan depatman an.

Nan menm operasyon an, lapolis mete de (2) jèn gason anba kòd. Yo idantifye yo kòm Fedner Meronne, ki gen 34 lane, orijinè de Senlwidinò, ak Altenor Wisben, alias Benben, 36 lane, moun Pòdepè. Daprè premye enfòmasyon yo, de endividi sa yo ta gen lyen dirèk ak kesyon trafik zam nan zòn nan.

Selon deklarasyon pòtpawòl lapolis la, PNH nan depatman Nòdwès la pa gen entansyon fè bak. Ankèt la deja lanse epi l ap kontinye aktivman pou idantifye, arete epi pote devan lajistis tout lòt moun ki ta konplis nan rezo trafik zam sa a. Lapolis lanse yon mesaj klè : depatman Nòdwès la pap tounen yon koridò pou zam ilegal, epi tout moun ki mele nan zak sa yo ap gen pou reponn devan lalwa.

Share:

Leave a reply