PWOJÈ REYABILITASYON SOUS NAN KOMENN CHANSÒL

383

Chansòl____(TRiboLAND) Jounen jedi 12 jen 2020 an, plizyè otorite tankou: Direktè jeneral DINEPA a Me Guito Édouard, Direktè rejyonal OREPA NORD a Me Bernadin Poisson, ansyen dépité komin chansòl la, delege depatmantal nòdwès la, reprezantan BUCOTECH CONSTRUCTION, Majistra, kazèk ak Azèk te reyini nan lokalite sous Bovwa nan komin chansòl.

Objektif rankont sa a se te yon mannyè pou yo te kapab lanse ofisyèlman pwojè reyabilitasyon sous nan zònn nan yon fason pou ede popilasyon an fè fas kare ak pwoblèm dlo ki daprè abitan nan zònn nan ap kouri sou plizyè lane.


Sin ta vle kwè Direktè jeneral DINEPA a, se ta yon pwojè ki jwenn sous finansman li bò kote Bank Mondyal e ki pwal egzekite anba diretiv yon fim yo rele “BUCOTECH CONSTRUCTION” pou yon bagatèl 26 milyon de goud.

Yon lòt bò otorite lokal yo ak abitan kap viv nan komenn Chansòl pat manke bat bwavo lakontantman ki dapwè yo menm si tout fwa travay yo ta rive achemine se pwal yon okazyon non sèlman yo pwal sòti nan” mizè fouye sous dlo” men tou sa pwal lakòz bèt ak moun pa pataje menm sous dlo nan plen venteyinyèm syèk sa a.
Genson HYPPOLITE, Pòdpè

Comments are closed.