Komisè gouvènman pakè jiridiksyon Aken an, Mèt Adrien Exama prezante bay laprès 3 prezime bandi kidnapè.

789


05 – 08 – 2024

Aken, Ayiti ___(TRiboLAND) Reginal Constantin, Jean Jules ak Alexis Jeff alias Saliba, se non 3 prezime bandi kidnapê Komisè gouvènman pakè jiridiksyon Aken an, Mèt Adrien Exams prezante bay laprès yè aprèmidi madi 07 me 2024 la.

Selon chèf pakè Aken an, 3 mesye sa yo, espesyalize yo nan brakaj, vòl, vyòl ak kidnapping, dènye zak yo poze, yo kidnape 2 jèn fi youn rele Permise, li genyen 16 lane, lòt la rele Vanessa nan komin Aken.

Toutfwa, komisè Adrien Exama fè konnen, li pase lòd fòmèl pou chache kou chen fou Hilairbien Fricien alias Gracia ki nan tèt rezo kidnapping nan jiridiksyon Aken.

Comments are closed.