Danje enviwonmantal: Yon fay ta sanble fann tè a an 2 lèz nan zòn Fatima Lakoup, Vil Pòdpè

854


05 – 08 – 2024

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Abitan kap viv nan zòn Fatima Lakoup, Pòdpè pa sispann trakase tèt yo fas ak yon danje anviwonmantal ki plane sou yo swit ak yon fay ki ta fann tè an 2 lèz nan lokalite a.

Dapwè konsta yo, fay sa a kapab reprezante yon gwo danje tankou pou, rezidan yo, bèt ak pye bwa ki nan zòn nan, e menm rive okazyone efondreman plis pase 60 kay ak tout kretyen vivan.

Pou anpeche dega yo miltipliye nan site Kapwa Lamò a, yon gwoup sitwayen angaje lanse yon SOS/ SOS, bò kote Lamèri, direksyon anviwònman ak agrikilti, pou wè nan ki nivo yo ka rive anpeche plis moun ak kay plonje fè fon anba latè.

Comments are closed.