Lakou Siperyè Dèkont finalman ap fonksyone san jij akòz manda yo ki fini.

807


05 – 08 – 2024

Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Apre gouvènman demisyonè Ariel Henry a te fin deside rekondwi jij Kou Dapèl yo pou yon dire yon mwa, finalman yonn nan pi gwo enstitisyon kle nan òd jiridiksyon administratif peyi Dayiti ap fonksyone san jij.

Sou yon total 10 jij ki t’ap fonksyone tout tonbe plat atè akòz manda yo ki fini depi yè madi 7 me 2024 la, sa ki lakòz enstitisyon an leve jounen mèkredi 8 me a, san jij.

Nan sans sa a, plizyè sektè nan lavi nasyonal la mande ak manm konsèy yo fè yon efò ak tèt yo, nan lide pou rive rezoud kèk nan defi majè kap tann yo, pami yo, renouvèlman jij Lakou Dèkont yo.

Comments are closed.