Entèpòl entèsepte yon gran Toryan PNH nan peyi Etazini

2,559

03/21/2022

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Enspektè polis Max Guillord ki te responsab seksyon envèstigasyon komisarya Ti Gwàv la jwen arestasyon li  yè dimanch lan nan ayewopò JFK, New York nan Etazini.

Sou demann DCPJ, Entèpòl tap chèche tankou chyen fou enspektè Guillord ki te genyen yon manda “pote vini” dèyè l. Konsa, yo akize li kòm pwezume asasen Darline Max Théodore.

Kidonk, otorite ameriken yo pat pran tan pou voye tounen bwit sou kou akize a nan peyi Dayiti abò yon vòl JetBlue.

Selon otorite PNH yo, ofisye Max Guillord te genyen yon manda pote vini dèyèl pou lanmò Darline kote ke li te ba li plizyè katouch nan tèt ak nan kou nan lanwit samdi 19 pou rive 20 mas 2022 nan Ti Gwàv.

Comments are closed.