Gonayiv / Jistis : Asiz kriminèl yo ranvwaye nan site Endepandans lan

2,379

06-28-2022

Gonaiv, Ayiti_____(TRiboLAND) Otorite yo nan aparèy Jistis la nan jiridiksyon Gonayiv la, pran desizyon pou ranvwaye Asiz Kriminèl yo ki te pwograme pou demare semèn lendi 27 jwen 2022 a. Yon desizyon ki pran, selon Dwayen Tribinal la, Me Fonie Charles Norgaisse, akoz grèv Paketye yo depi yon bon ti tan, ki pèmèt disfonisyonnman Tribinal la. Dwayen an kontinye pou di, sibtiti yo ankonbre ak dosye sivil yo, sa pral anpeche yo tande afè penal yo. Konsa, yo pap jwenn sibtiti ak yo nan Asiz yo, yo oblije ranvwaye-l pou lon lòt dat.

Yon desizyon Batonye Òd Avoka yo nan Bawo Gonayiv la pa dijere, pandan li trè kritik anvè aktè yo nan aparèy Jistis la, ki pa janm sispann fè grèv e ki koz veritab viktim yo se jistisyab yo ak detni yo. Yon sitiyasyon tou, ki pèmèt avoka yo ap soufri paske dosye pa ka fè chimen yo.

Plis ke 500 detni tap tann Asiz yo, daprè chèf Pakè Gonayiv la, Me Vanel Amisial ki di li regrèt Asiz yo pa fèt; e yo ta pral pèmèt detni yo konn pou konbyen tan yo la, ak sak ta dwe libere. Chèf pakè a fini pou di, li pral chita ak Dwayen an san pèdi tan, pou fikse yon dat pou dewoulman Asiz sa yo jan sa dwa!

Comments are closed.