Lapolis fouke 3 pwezime bandi sangwen nan ratyè

724

08-02-2023

Ench, Ayiti_____(TRiboLAND) Manm gang kap opere nan depatman Latibonit, Lwès ak Sant peyi a; men yo tout soti, selon lapopo nan komin Sen Michèl Latalay: Alaire Noël, Jesulène Noël e Ermilus Anderson jwen arestasyon yo weekend pase nan vil Ench nan kad enplikasyon yo nan tantativ asasina sou Garry Ravilus, dapwè sa fòs lòd yo nan komin Ench fè konnen.

Kan ta pou Jesulène lan, li enplike ragagann nan yon seri gwo tonton krim, tankou asasina plizyè polisye. Li se you manm enpòtan nan gang sila yo kap simen latwoublay nan diferan depatman.

Pwezime koupab yo twouve yon koulya nan gadavi nan kad pwosesif jiridik yo.

Comments are closed.