Pari : inogirasyon Jaden Toussaint Louverture

428

05/10/2021

Pari, Lafwans______(TRiboLAND) Vil Pari nan peyi Lafwans ran omaj Toussaint Louverture, yon gran figi ki te fè pale de li anpil nan mouvman anti-kolonyalis la. Konsa, yo konsakre yo reveye memwa yon parèy jeni ak yon bèl espas jadinye ki reyèlman atiran e enpwesyonan.

Anba lobedyans Anne HidaIgo, Majistra Pari a, e avèk konplisite ou pwezans diplomat ayisyen an nan peyi Lafwans, Josué Dahomey, inogirasyon Jaden Toussaint Louverture a jodi lendi 10 me 2021 an te fèt nan mitan yon katye popilè ki plase nan zòn 35 ri Duris (20e), nan 20è awondisman peyi Lafwans. Anndan yon parèy espas ki konsakre egalman pou aktivite timoun, ou jwen anpil bèl ekipman espòtif.

Jeneral e politisyen franko-ayisyen, Francois-Dominique Toussaint Louverture te alatèt lame Sen Domeng yo. Li te jwe yon kòkennchen wòl istorik kòm pwemye chèf revolusyon ayisyèn nan. Li te batay jenyàlman kont esklavaj nan peyi Dayiti ki te koz ke yo arete’l e fèmen’l nan yon kacho nan Fò Dejou an Fwans nan lane 1802.

Peyi Dayiti ki se pwemye repiblik lib ki te kapote esklavaj, kapab di byen fò ke se gras ak konbativite ak taktik inivèsèl gran figi abolisyonis ou emansipatè sa ki fè li jwen endepandans li nan lane 1804.

Comments are closed.