Pòdpè: Pis aterisaj Pòtaleki a pral kapab kòmanse akeyi vòl li yo.nan mwa jen kap vini la.

831

05 – 08 – 2024

Jan-Rabèl, Ayiti__(TRiboLAND) Bòn nouvèl pou moun nan depatman Nòdwès peyi Dayiti. Nan kad yon inityativ otorite sivil yo nan depatman Nòdwès la tanmen, yo anonse apati mwa jen k’ap vini la a, sitwayen yo pral gen posibilite pran avyon nan Èpòt Kap-ayisyen pou ateri nan komin Jan-Rabèl, patikilyèman nan sou pis aterisaj Pòtaleki a.

Dapwè presizyon konsène yo pote sou vòl yo, yon moun pral bezwen sèlman150 dola US pou fè vire tounen nan yon dire 15 mn. Yo kontinye pou di, inityativ sa a pran nan lide pou pwoteje vwayajè/pasaje yo, sitou dyaspora yo kont atak gang ame yo ki sènen depatman Nòdwès la depi kèk tan.

Konsa, inisyatè mouvman sila a, espere ale pi lwen ak yon parèy pwojè ki menm vize transfòme pis la an yon èpòt entènasyonal.

Comments are closed.