Eskandal kòripsyon nan mitan manm ki t’ap jere kòb pou konstriksyon Kanal Wanament lan.

785


05 – 07 – 2024

Wanament, Ayiti__(TRiboLAND) Komite k’ap jere zafè kanal irigasyon sou Rivyè Masak la plonje anba yon larivyè dout lè yo deside kriye fayit pou fè konnen kòb ki nan men yo a pap ka finalize travay la.

Nouvèl sa a lage gwo eskandal kòripsyon kap klèwonnen nan mitan manm yo nan Wanament, sa ki lakòz, plizyè medya ap deplòtonnen ak rapò pa yo.

Dapwè Ayibopost, komite kanal la te genyen anviwon 43 milya goud ak yon demi milyon dola vèt kou powo anba men yo pou reyalizasyon kanal la. Responsab jounal la atravè yon pòs fè konnen, yo genyen dokiman ki montre komite a peye jounalis yo anviwon 150 mil goud pou kouvri aktivite yo, kòb pou ajan BSAP yo ak polisye yo, plis kado komite a te resevwa ke yo avalye ak 25 pou rive jiska 120 mil goud.

Fas ak yon bilan lejè kou pay, plizyè manm nan popilasyon wanamentèz la ansanm ak kèk medya fè konnen, se ak men nan machwè yo rive aprann tris nouvèl komite kanal la, ki ta fè kwè, pa gen kòb ankò pou finalize rès travay yo.

Comments are closed.