Nou fatige wè se sèl Repiblik Pòtopwens kap deside pou tout rès peyi a!

541

07/17/2021

Chè konpatriyòt,

Depi 1986, se sektè òganize, se Sosyete Sivil nan Pòtoprens kap mete moun nan Tèt peyi ya ( Prezidan, Premye Minis, KEP).

Si jodiya nou nan sitiyasyon saa se paske klas Politik nan Pòtoprens pa gen moralite. Konsènan metòd pou chwazi moun pa Depatman, Sosyete Sivil nan chak Depatman ka kreye Pwosesis pa yo.

Pa bliye Atik 149 la anveyez paske li pa aplikab. Tout moun ap pale nan Non PÈP, ki sondaj radyo wo fè pou konnen sa PÈP la mande. Nap kòmanse pa mande Radyo ak Televizyon nan Tout Peyi ya pou yo fè sondaj Opinyon sou de kesyon sa yo:
1) Eske nou dakò se moun nan Pòtoprens ak anvironnman li sèlman ki pou fòme Nouvo Gouvènman ?
2) Eske nou Dakò yon Nouvo Gouvènman ak 11 moun kap sòti nan chak Depatman plis yon moun kap sòti nan Dyaspora?
Patriyotik salitasyon

Hérard LOUIS
Genève, 17 jiyè 2021

Comments are closed.