Yon group jèn nan vil Tigwav benefisye fòmasyon gratis Fondasyon TRiboLAND sou Serigrafi

501
0
Share:
TRiboLAND

Tigwàv, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon te yon latriye jèn fanm ak jèn gason ki te gentan, byen bonè maten samdi 24 me 2025 lan fè ak prezans nan Lise Fosten Soulouk, nan vil Tigwav.

Patisipan si la yo ki te aswafe konpetans abilite pou fè fas ak difikilte “Lavi nan peyi Dayiti”, te soti nan diferan katye nan Site Fosten Soulouk la. Yo benefisye 2 jounen ranpli ak teknik nan serigrafi ak chimi endistriyèl san yo pa peye yon senkòb Lesko. Konsa, yo fè pati yon gro fanmiy kap pwone fòmasyon gratis pou tout jèn atravè peyi Dayiti, gras avèk asistans medya anlyin TRiboLAND.com.

Pandan sesyon jounen samdi 24 me a, patisipan yo te aprann nan nivo serigrafi manyèl : siblimasyon, dekoupaj, enpwesyon transfè opake latriye sou mayo, tas, bidon e latriye; konsa, yo te arive enpwime pròp mayo yo ki titre “TRiboLAND”. Anplis, yo te aprann egalman fabrikasyon savon tout kalite. Yon parèy travay te arive fèt, gras ak fòmatè Wood (Arena Vpm 509), yon edikatè konsome e otman kalifye.

Nan veleyite li pou kontinye anpeche pwostitisyon, rekritman gang, delenkans jivenil ak politisyen kòriptè fè dap piyanp sou lajenès peyi Dayiti, TRiboLAND kontinye ap miltipliye fòmasyon nan kat kwen peyi a tèt kale. Bravo lajenès Tigwàv, ak yon travay manyèl, se yon wout pou soulaje nenpòt ti razè ekonomik dèyè manman.

Share:

Leave a reply