CSC/CA finalman aprouve kontra enèjetik ant Leta Ayisyen ak General Electric S.A.

292

09\29\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Enjenyè Joaceus Nader bat gro bravo ak kontantman pou dènye desizyon Cour Supérieure des Comptes et du Contentieux Administratif (CSC/CA) la ki aprouve kontra enèjetik ki makònnen Leta Ayisyen ak Konpayi Amerikèn General Electric S.A.

Se avèk krèy kontantman ke minis Travaux Publics Transport et Communication an fè anons lan jodi madi 29 septanm 2020 an. Daprè kontra sa ke anpil antite nan gouvènman an tap tan tankou tè sèk, GE pral konstwi nan yon espas yon lane, yon santral elektrik 55.5 megawàt enèji nan komen Kafou, nan zòn Sid antre kapital la.

Yon parèy kontra pral koute leta ayisyen 57 milyon 488 mil dola vèt, daprè enjenyè TPTC a, Nader ki ta sanble rete kwè kouran 24/24 la ap fini pa yon reyalite nan peyi a; deja divès kote nan peyi a deja ap rese vwa plis pase 10-18 èdtan kouran pa jou.

Comments are closed.