Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture resevwa 3 manman penba avyon militè ameriken

841

05 – 06 – 2024

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Jan konsta yo montre, genyen anpil bwas kap fèt bò kote administrasyon amerikèn nan kad pweparasyon pou arive gwo kontenjan fòs miltinasyonal la nan peyi Dayiti.

Se konsa, twa gwo tonton avyon militè ateri sou Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture a, jodi lendi 6 me 2024 la. Yon sous ki vle rete anonym, konfye TRiboLAND ke se materyèl key o vini delivre nan kad deplaman fòs mitinasyonal la ki genyen nan tèt li peyi Kenya.

Enfo yo fè konnen, gwo aktivite kap miltipliye avèk gwo boulinn yo, ap gentan genyen anpil gwo zenzenn sou teren ki pral flite e ekstèmine gang sangwen yo kap konte jou yo anndan peyi a.

Comments are closed.