Anyen poko klè pou vòl yo ki te dwe repran nan Èpòt Entènasyonal Toussaint Louverture a.

815


Konpayi yo rektifye dat vòl yo.

05 – 06 – 2024

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Malgre dènye anons ki te fèt pou vòl yo reprann nan Èpòt Entènasyonal Toussaint Louverture nan semèn 09 me a, moun ki tap tann yo oblije kontinye tann pou semèn 16 me 2024 la.

Nan yon nòt ki soti jounen lendi 06 me 2024 la, konpayi yo rektifye dat vòl yo. American Airlines anonse vòl yo ap reprann 16 olye 09 me, men gen yon rapò yo dwe resevwa 15 me pou konnen si tout bagay ap tonbe dakò. Kanta pou JetBlue, yo bay randevou 15 me pou vòl yo reprann, Spirit Airlines pa bay oken dat, yo toujou kenbe sou vòl yo kap reprann jiska nouvèl òd.

Divès moun ki te swete vwayeje pandan yo tap pase nan Èpòt Entènasyonal Toussaint Louverture a, nan semèn 09 me a oblije fè yon lòt kalkil. Daprè Jean Louis, pou li menm se akoz kriz sosyo politik yo ki poko gen oken amelyorasyon, kote Leta tap kreye yon klima ki pli zoumwen estab nan peyia.

Comments are closed.