Yon gwoup manifestan piye sikisal Bank Inyon Ayisyènn nan Petyonvil

265
0
Share:
TRiboLAND

Petyonvil__(TRiboLAND) Li te vè 4:00 pm jodi 23 Septanm lan nan Juvena, Petyonvil, yon sikisal Bank Inyon Ayisyènn (BUH) sakaje ak dechalbore anba men manisfestan ki tap rele chalbarik dèyè gouvènman Jovenel Moise la, ki depi plizyè jou ap pwan lanm.

Selon yon seri temwen onèt, manifestan yo ki tap chèche tankou chyen fou yon gwoup Senatè pouvwa-a ki tap trese lèl pou reyini anbachal ak PM nome-a, Fritz William Michel.

Konsa, avèk kolè yo te envesti enstitisyon bankè Inyon Ayisyènn nan, kote yo kase, depatcha ak pote ale plizyè bagay apwè ke yon kontenjan fòs lòd te repouse yo anba gaz lakrimojènn devan Hotel Caribe Convention Center a.

Konsa, katchouboumbe-a ki te deklentche avèk yon lapli kout wòch sou plizyè biznis nan zònn nan, te okazyone Polis Nasyonal la pwosede ak plizyè arestasyon.

Share:

Leave a reply