Pami 78 ayisyen ke Etazini gen pou retounen an Ayiti, ansyen chèf para militè tòsyonè FRAPH, Emmanuel “Toto” Constant ap pami yo

371

Wachentonn___(TRiboLAND) Tankou TriboLAND te pwevwa; malgre kovid-19 la kap vale teren, peyi Etazini ki se zanmi peyi Dayiti pral voye yon 4èm vòl avyon chaje ak 78 ayisyen an direksyon Pòtopwens apati 26 me kap vini la.

Majorite depòte san yo ki te nan pwoblèm imigrasyon nan peyi Tonton Sam nan, gen pou rive nan yon Ayiti kote ke kovid-19 la ap moute balkon ak yon vitès ki bay anpil kè sere. Pami lis depòte yo ki figire nan manifès vòl la: ou jwenn 6 ladan yo ki deja teste pozitif pou kovid-19, ou jwenn egalman Emmanuel Toto Constant, ansyen lidè tòsyonè ou eskadwon lanmò Front pour l’Avancement et le Progrès Haiti (FRAPH), ki responsab youn pami pi gwo masak Ayiti pa janm konnen nan istwa li. Nap pale plis pase 3,000 asasina, yon latriye vyòl ak divès lòt krim nan lane 1994. Konsa, Toto Constant, ansyen konpayèl ansyen pwezidan Michel Martelly, te jwenn kondanasyon li pa koutumas.

Anpil moun ap kesyone arive yon kriminèl notwa konsa anndan yon peyi kote ke Jistis bay Enjistis taye bannda avèk konplisite dirijan kòriptè ki pran leta an notaj. Anplis, lè ou konnen ki akwentans lidè PHTK a genyen avèk kriminèl Toto Constant ke pèp ayisyen tap chèche san rete; kriminèl la pral jwenn pweferableman benediksyon kriminèl parèy li.

Gen lòt moun ki estime se yon zèl kat ki jwe anfavè Toto lè Etazini deside depòte l; kote ke pouvwa anplas la pwal pwofite fè tout sa ki genyen pou jete tapi wouj pou di “Bonvini Toto”, e ba li bonjan tretman woz tankou anfan pwodig.

Nap raple, retou Toto Constant nan lye krim nan, tonbe bab pou bab avèk lanmò Majò Jean Claude Duperval ki mouri yè Jedi 21 me 2020 an, youn pami sa yo ke yo te akize ki te enplike nan masak san pitye sa.

Comments are closed.