Lyezon nasyonal òganizasyon fanm yo pou entegrasyon (LENO FI), se yon estrikti tou nèf ki mete kanpe pou defann dwa medam yo nan Grandans.

914


05 – 05 – 2024


Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Lyezon nasyonal òganizasyon fanm yo, branch (LINOFI – GA) se yon nouvèl estrikti ki regroupe plis pase yon ventènn òganizasyon fam atravè katòz komin nan depatman Grandans lan. Konsa, yo mete tèt yo ansanm pou defan n, dwa ak devwa yo ķòm fanm òganize.

Lansman ofisyèl estrikti sila, dewoule jounen dimanch 05 me 2024 lan, anprezans divès otorite lokal, pami yo, majistra komin Jeremi an, Pierre Sylmatha.

Diferan reprezantan òganizasyon fanm yo kite reponn prezan, nan lansman ofisyèl lan, ki te fèt nan vil Jeremi, lokal Tak for Kits lan, swete fwa sa a, genyen entegrasyon fanm riral yo nan gran desizyon kap pwan nan peyi a.

Comments are closed.