Pou fè konpwann wòl ministè a nan zafè lasante, yon patenarya ant IPGA ak direksyon depatmantal Sanitè Grandans lan pwan nesans.

377
0
Share:
TRiboLAND

03 – 14 – 2025

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Nouvo direktè depatmantal Sanitè Grandans lan, doktè Pierre Boutròs Gally, jije enpotan pou sosyete a konpwann pi byen wòl ak enpòtans ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP).

Pou sa rive posib, doktè Pierre Boutròs Gally, bay tèt li misyon rankontre divès enstitisyon tankou inivèsitè piblik Grandans lan (IPGA), yon fason pou inivèsitè leta a kapab jwe wòl li pi byen nan ede manm popilasyon an konpwann pi byen enpotans ak wòl ministè Sante Piblik ak Popilasyon.

Doktè Pierre Boutròs Gally, ki te chita pale ak rektè Inivèsitè Piblik Grandans lan, pwofesè Rony Medy, te dakò pou ke inivèsitè a patisipe aktivman nan fòmasyon entegral sosyete a, nan kad pwojè sila.

Share:

Leave a reply