Komite Basketball sou Plas Toussaint Louverture Jakmèl, onore Medya anliyn “Jakmèl Enfo”

828


05 – 05 – 2024

Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Komite Basketball sou Plas “Toussaint Louverture” Jakmèl, onore Medya anliyn “Jakmèl Enfo” jounen vandredi 03 me 2024 la, pou konstriksyon li nan reyalizasyon premyè Edisyon Tounwa “Intè Enstitisions” ki te òganize nan okazyon fèt Sen Filip ak Sen Jak.


Nan okazyon fèt sila, divès aktivite te òganize tankou chanpyona basket, match handball elatriye. Medya anliyn “Jakmèl Enfo” resevwa distenksyon sa pou bon travay ak fason yo vann aktivite a.

Redaktè an chèf “Jakmèl Enfo” a, Dona Jolicoeur ki te resevwa plak done, di se ak anpil satisfaksyon li resevwa pri sa. Li kontinye pou di, malgre difikilte ki genyen nan travay la, sa motive ekip la pou kontinye sèvi popilasyon an. ‎

Comments are closed.