Pòdpè, yon nwèl galimatcha, nan fatra, labou ak mal site.

1,000

12 – 22 – 2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Depi kèk tan jesyon fatra a nan Site Kapwa Lamò a tounen yon gwo defi pou Lamèri ak ti malere ak gwo zouzoun kap frekante Site a. Fatra tout plim tout plimay melanje ak dlo sal kap koule epi patoje sou tout wout yo, kreye gwo panik move lodè dezagreyab, lakòz sikilasyon an bwate san konte espas pyeton yo ki fin okip ak anbwate.

Plizyè aktè kontribye nan sal lari a ak fatra. Ti machann kap vann tout kalte pwodwi, gwo zouzoun kap sikile sou izuzu yo, gwo palto, ti palto yo tout itilize lari a kòm poubèl.

Lamèri se premye aktè ki ta dwe kontwole fatra a, men elas ! Enkonpetans yo ak kòripsyon, lage yo nan fè awogans ak divèsyon. Yon konpòtman ki lakòz fatra a vin kontribye nan fenomèn ensekirite woutyè a.

Se chak jou valè moral ak kiltirèl yo ap degrade pi plis nan depatman Nòdwès la, patikilyèman nan vil Pòdpè. Lontan nan epòk nwèl, te konn gen anpil aktivite tankou : asenisman ki fasilite plis abdenwèl, pou pèmèt popilasyon an fete nan lapwòpte menm jan sa fèt nan anpil lòt peyi ak nan kèk depatman nan peyi Dayiti.

Ane sa a, nan kèlke minit poun fete nwèl, anyen pa janm fèt nan vil la, vwa pou ta wè aktivite nan zòn anviwonant yo. Lari a toujou sal, labou, dlo santi, lavi chè, dirijan salòp, la mizè, ou ta di se poul benezwèl anba tonèl, men wè pa wè, nwèl kan menm !

Yon nwèl galimatcha, nan salte, labou, fatra ak mal site, se rezilta nèg sòt ki salòp kap dirije!

Comments are closed.