Responsab legliz Sakrekè Vyalè 1è seksyon kominal Tigwav, reveran pè Jean Athur Clergé, lanse selebrasyon 111è lane egzistans legliz la.

794


05 – 05 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon konferans pou laprès jounen dimanch 05 me 2024 la, reveran pè Jean Athur Clergé lanse 111è anivèsè egzistans legliz Sakrekè Vyalè premyè seksyon kominal Tigwav nan dat 7 jen 2024 kap vini la a, anba tèm “JEZI WO NAN KÈ SAKWOLON DELIVRE AYITI, DELIVRE NOU”.

Nan okazyon 111è anivèsè legliz pawas Sakrekè, reveran pè Clergé anonse tout yon seri konogram aktivite relijez, gastronomik ak kiltirèl pou make fèt la:
1) aktivite relijez, 7 vandredi priyè
2) fidèl katolik yo pral vizite 7 legliz nan Gransid peyi a.
3) pèlerinaj, nevèn, pwosesyon ak flanbo.

Aktivite premyè edisyon fwa relijez, agrikòl ak gastronomik Sakrekè an detay .
Fwa relijez la ap komanse vandredi 31 me pou fini 2 jen, nan fwa sila a wap jwen, mayo, balèn, média, bandwòl, chaplè elatriye…

Fwa agrikòl ak gastronomik an, wap jwen tout kalite pwodwi tankou: pwodwi agrikòl, atizanal ak plizyè pla kreyòl; lap komanse dimanch 03 jen pou fini 4 jen 2024 la.

Nan sans sa a, reveran pè Jean Athur Clergé envite tout moun kap viv nan kominote Vyalè, nan sant vil Tigwav, nan mòn tankou lavil pou vin patisipe nan premyè edisyon fwa Sakrekè agrikòl ak gastronomik nan okazyon 111è anivèsè egzistans legliz Sakrekè.

Comments are closed.