Pakè Pòdpè mande ak tout sitwayen pou yo vijilan aprè plizyè prizonye te fin chape poul yo nan prizon sivil Pòdpè.

798


05 – 03 – 2024

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Yonn nan sibtiti komisè gouvènman jiridiksyon Nòdwès la nan tèt kole ak lapolis dekrete lapèmanans nan site Kapwa Lamò a, swit ak plizyè prizonye ki evade nan prizon sivil Pòdpè a.

Sibtiti komisè pakè Pòdpè a, Mèt Jeïr Pierre, pran desizyon sa a nan lide pou rive rekipere divès prizonye ki deja gaye nan lanati.

Zòrèy pa dwe di pase tèt, TRiboLAND média konseye manm popilasyon an veye anwo, veye anba, yon mannyè pou evite viktim kolateral bò kote lapolis ak kriminèl evade ki nan mawon.

Poze kesyon pou konnen, kisa ki lakòz tantativ sa a? Sibtiti komisè gouvènman pakè Pòdpè a reponn “se gwo enterè k’ap degaje atè a”.

Comments are closed.