Agronòm José Rethone atire atansyon jèn yo nan Nòdwès sou wòl DINEPA ak Sante Piblik

361
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Agronòm José Rethone lanse yon apèl bay jèn yo nan depatman Nòdwès la, espesyalman nan vil Pòdpè, pandan li atire atansyon yo sou responsablite DINEPA ak Sante Piblik, ki inyore divès bagay yo genyen nan atribisyon yo.

Nan yon pòs li fè sou Facebook, madi 7 oktòb 2025 lan, agronòm nan raple wòl ak atribisyon DINEPA, ki pa sèlman jere dlo potab, men tou gen misyon pou fè asenisman. DINEPA la pou okipe de sa yo rele dlo gri ak dlo nwa.

Li eksplike: Dlo gri yo, se dlo savon ki soti nan lesiv, douch, lavabo, ak lòt itilizasyon menaj. Dlo sa yo soti nan kay moun ak endistri, epi yo pa twò danjere sou plan bakteryolojik. Dlo nwa yo, okontrè, se dlo ki soti nan twalèt, ki chaje ak matyè fekal ak patojèn, kidonk anpil mikwòb ak bakteri.

Agronòm Rethone fè konnen, nan sitiyasyon malouk nap viv nan vil Pòdpè ak rès depatman an, DINEPA ak Ministè Sante Piblik (MSPP) gen gwo wòl pou jwe. Malerezman, dapre li, ki pa reponn ak atribisyon yo.

Li poze kesyon ki frape: “Konbyen nan nou k ap viv nan katye kote dlo sal sa yo anpeche moun mache? Konbyen vwazinaj ki toujou nan konfli paske youn ap vide dlo devan kay lòt? Konbyen moun ki rantre lakay yo e jwenn dlo vwazinaj ap koule tankou lanfè?”

Pou li, menm si se Meri a ki gen premye responsabilite a, DINEPA ak MSPP, atravè ofisye sanitè yo, dwe antre an aksyon rapid.
Agronòm nan fini mesaj li a ak yon apèl klè: “Pandan jenès la ap mande Meri a kont, fòk li mande DINEPA ak MSPP kont tou.”

Share:

Leave a reply