Dife pran nan lokal DINEPA nan vil Pòdpè

08/24/2026
Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon gwo dife pran nan lokal DINEPA nan vil Pòdpè, maten lendi 24 dawout 2026 la. Gras ak vijilans anplwaye ki te la, ak moun nan kominite a ki sou men yo, dife a te rive entèn.
Pou kounye a, otorite konsène yo poko rive idantifye kòz dife a. Responsab yo poko bay okenn detay ofisyèl sou sa ki ta kapab lakòz yon parèy ensandi ki te deja kreye anpil panik ak tranble janm.
Malgre entansite dife a, pa gen gwo dega ki anrejistre daprè premye enfòmasyon ki disponib yo. Antouka, TRiboLAND.com ap kontinye fè legetè pou boske plis enfòmasyon sou sitiyasyon an ak kòz dife a.






