Inondasyon lakoz plizyè douzènn moun mouri nan peyi Bwezil, alòske bilan yo kontinye ap pran jarèt

948

05 – 04 – 2024

Rio Grande do Sul, Bwezil___(TRiboLAND) Gwo lapli ak van Nòde sekwe e mete dlo nan je popilasyon Eta Rio Grande do Sul ak nan zòn sid peyi Bwezil, dapwè enfòmasyon TRiboLAND arive rekeyi. Plis pase karant kretyen vivan ta mouri e bilan yo ap moute e y’ap bay anpil lawouli nan jou kap vini yo.

Selon otorite pwoteksyon sivil yo, genyen 68 moun ki pòtedispari e 24,000 deplase. Tanpèt la arive sakaje pwèske mwatye nan 497 vil Eta Rio Grande do Sul la, ki genyen baliz fwontalyè ak peyi Iwugwe e Ajantinn. Dapwè sa gouvènè Eta, Eduardo Leite deklare bay plizyè jounalis, bilan yo ap genyen pou bay plis lawouli tout otan nap genyen aksè ak plis rejyon afekte yo.

Anpil vil anba dlo, lari yo transfòme an rivyè, e anpil pon ak wout detwi, san konte eboulman teren. Plizyè lòt dega genyen pou wè avèk plizyè estrikti santral idwo-elektrik ta efondre nan vil tankou Bento Goncalves ak Porto Alegre, kapital Rio Grande do Sul la, kote ke flèv Guaiba fè anpil dega.

Nap raple, se nan mwa septanm 2023 ke Eta Rio Grande do Sul te fwape anba gwo tonton lapli ki te pwovoke gwo poban inondasyon e pran lavi 50 kretyen vivan.

Comments are closed.