Plizyè sektè denonse yon program drivayèz ki prevwa reyalize nan vil Tigwav.

04 – 21 – 2026
Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Moun nan popilasyon tigwavyèn nan, denonse sou radyo tradisyonèl yo ak rezo sosyo yo, maten madi 21 avril 2026 lan, yon program atis Black ak Mélissa ap vin’n reyalize nan Louko Night Club nan vil Tigwav, Samdi 25 Avril 2026 kap vini la a.
Konsa, divès sektè nan lavi lokal, fè konnen yo pa dako avèk reyalizasyon yon parèy pwogram nan vil la; yo konsidere li kòm yon pwogram drivayèz 2 atis devègonde ap vin’n depoze nan komin Tigwav. Plizyè gro vwa leve kanpe nan popilasyon an; yo ta lonje dwèt jouda yo sou Mélissa ke yo ta konsidere kòm rènn Limennan kap eseye van’n tèt li kòm postitye sou rezo sosyo yo. Petigwavyèn, petigwavyen yo ki deklare se pa fòm kilti sa yo yap pwone pou jenès la jounen jodi a.
Nan san sa a, ansanm sektè sa yo, deklare ke jenès la vle derape peyi a sou plis pozitivite pou yon pi bon imaj. Konsa, yo mande lameri, lapolis, komisè gouvènman ak pakè jiridiksyon Tigwav la, pou pran tout dispozisyon nesesè pou kanpe pwogram sansal sila a, ki prevwa reyalize nan vil Tigwav.






