Komisè gouvènmen jiridiksyon Tigwav la, mèt Pierre Elioth Paul mande pou tout ponp nan rejyon gwavyèn nan, vann gaz la 570 goud jan leta fikse pri galon an.

1,323

01-26-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) “Galon gaz la dwe vann 570 goud nan tout ponp ki nan rejyon gwavyèn nan, jan leta fikse pri galon an nan tèt ponp yo”. Se deklarasyon komisè gouvènman pakè jiridiksyon Tigwav la, Mèt PIERRE Elioth Paul, nan kad yon entèvyou li akòde ak la près jounen jedi 26 janvye 2023 a.

Chèf pakè a, ki soti nan silans li, mande tout direktè ponp ak ponpis nan rejyon an, pa fè bouch li long; pa kontinye ap vann gaz la 750 goud nan mache nwa a, CG a ki deklare, si tout fwa lapolis ak lajistis siprann yon direktè ponp ak ponpis nan movèz pratik sa a, la lwa pral sèvi kont yo.

Administratè pakè a ki repwoche propriyetè ponp yo nan rejyon an, espesyalman Tigwav, li di ki pran plezi yo pou fè popilasyon an kosome galon gaz la a 750 goud, sepandan lòt komin yo ap vann galon an 570 goud selon pri leta fikse a.

Nap fè remake, komisè gouvènmen pakè jiridiksyon Tigwav la, Mèt PIERRE Elioth Paul, mande tout moun ki antann al fè gaz, apati kounye a menm, yo dwe peye galon an 570 goud jan leta fikse pri a.

JOICY Arnold

Comments are closed.